PNH mete do 2 prezime bandi atè mòtèlman.

826

02-21-2023

Kap Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Yè swa lendi 20 fevriye 2023 a, ajan PNH yo arive mete do 2 bandi sangwen atè nan moman yon operasyon nan Katye Sent Filomèn, nan vil Kap Ayisyen nan depatman Nò peyi a.

Sonson ak Ti Boule ke anpil moun konnen kòm bandi, arive blese mòtèlman anda kout zam lapopo nan moman 2 pati yo tap boukante kout zam. Antouka, 2 annafè yo ki fè pati yon kolònn kriminèl kap dirije anba lobedyans Ti Pòtoprens ak Caderson, te anba projektè envèstigasyon lapopo pou yon katafal zak kriminèl.

Antouka, fòs lòd yo arive jwen nan men bandi ki mouri yo, yon manchèt ak yon kalbi 38. Kona ta sanble operasyon lapolis yo ap pran jarèt; e yo genyen nannan nan depatman Nò peyi a. Sa pa gen lontan yon gro reken gang, “Blaze One” pran mòtèlman nan nas lapolis.


Comments are closed.