Wanament : Sòlda iresponsab dominiken oze vyole espas tèritoryàl peyi Dayiti

1,059

11-08-2023

Wanament, Ayiti______(TRiboLAND) Si ou vle kwè li, kwè li! Sòlda iresponsab e mal entansyone dominiken, oze antre nan espas tèritoryàl peyi Dayiti pandan jounen madi 7 novanm 2023 a, nan Wanament, sou Rivyè Masak la.

Yo antre sou espas ayeryen peyi Dayiti a, san lonè ak derespektan. Selon enfo yo, goril dominiken yo ki te sanble pozisyone yo pou lagè, te menm arive pwente zam yo sou popilasyon ayisyèn nan; yon sèn ki te sisite anpil reyaksyon bò kote pitit tè Desalinn nan.

Antouka, pou anpil moun, genyen anpil, moun gen pou wè. E ta menm sanble lòlòj gouvènman Luis Abinader la pati; sitou, lè li gade rezilta ou konsekans yon seri vye desizyon idyo ke li pran pou envante yon kriz ant 2 peyi yo.

Yon parèy awogans iletre, pa dwe rete san konsekans. Se yon enpètinans, ki ale twò lwen. Si li rete konsa, ap genyen plis lòt awogans dèyè li avèk yon gouvènman rasis, ki vle erije tèt li kòm bouro ou anvayisè san istwa. Ki enterè Ayiti genyen pou kontinye kenbe relasyon diplomatic avèk yon peyi vwazen ki detèmine pou vyole emenase nasyon ayisyèn nan, nan divès fason?

Gras ak detèminasyon fòs BESAP yo, e bwavou ou vijilans popilasyon an, ki te egzije makak sangwen yo kouri kite espas kreyòl la, apwè anpil tansyon ak leve kanpe.

Ayiti, pa genyen enterè genbe relasyon diplomatik avèk yon papa “loko”, ki pa menm kapab metrize ABC sou souverènte, relasyon ak dwa lòt peyi sou Konvansyon Entènasyonal yo.

Comments are closed.