Kap-Ayisyen: Batonye Ronel Telsyde poze sele sou yon kabinè ilegal nan Ri 21 E: “Lòd Dwe Rete Lòd”

429
0
Share:
TRiboLAND

Kap-Ayisyen, Ayiti ______(TRiboLAND) Batonye Lòd Avoka Depatman Nò a, Mèt Ronel Telsyde, frape ak gwo kout pwen legal yon kabinè ki tap fonksyone ilegalman nan Ri 21 E nan Kap-Ayisyen san okenn idantifikasyon ofisyèl. Se pandan yon operasyon siveyans ak kontwòl nan kad netwayaj ak moralizasyon pwofesyon an ke aksyon sa te arive poze.

Selon deklarasyon Batonye a, kabinè a, ki ta sanble ke yon moun ki pote non Monrose ap jere, tap rale kliyan san okenn otorizasyon legal, sa ki lakoz plizyè plent ak kontestasyon leve nan popilasyon an.

“Kabinè sa ki pa gen non rele: tèt chaje, tèt fè mal, kase pòch moun, te fè objè de plizyè plent sou jan yo ap pran lajan sitwayen epi pa fè okenn travay serye. Nou pap tolere okenn pratik kap sal pwofesyon an”, se pawòl dirèk Batonye Telsyde.

Lòd Avoka yo raple tout manm kap pratike kòm defansè legal yo, ke chak kabinè dwe gen lisans, idantifikasyon, ak respè etik. Nan ka kontrè, otorite legal yo pap ezite mete sele, fèmen lokal, epi soumèt dosye a bay Lapolis oswa Lajistis.

Aksyon sa a se youn nan premye pa ki make kanpay kontwòl ak netwayaj pwofesyon an nan depatman Nò a. Batonye a mande kolaborasyon tout aktè nan sistèm jistis la pou mete fen ak pratik ilegal ak move tretman kliyan ki sal repitasyon Lòd Avoka yo.

Sitiyasyon sa montre volonte Lòd Avoka a pou mete plis disiplin ak etik nan jan sèvis legal yo ap fonksyone, e pou pwoteje dwa sitwayen yo kont fo pwofesyonèl kap abize konfyans pèp la.

Share:

Leave a reply