Reveran pè Wilfrand Josaphard kòm kire fondatè pawàs Sen Pyè/Sen Pòl nan Chanpay

2,728

03/14/2022

Chanpay, Nòdwès_____(TRiboLAND) Nan prezans divès otorite politik, jidisyè kou eklezyastik tankou : kòdonatè kazèk seksyon kominal 2e seksyon an, Darisier Mickerlange ak asesè li yo, jij depè Pòdpè a, msye Paul Blanc, jij depè Chansòlm lan Mentor, san konte pè kite sòti nan divès lòt pawas nan depatman Nòdwès la te pote boure pou vin pwosede ak enstalasyon Reveran pè Wilfrand Josaphard kòm kire fondatè pawàs Sen Pyè/Sen Pòl nan lokalite Chanpay, komin Chansòlm, jounen dimanch 13 Mas 2022 a.

Nan omeli sikonstans lan, Monsenyè Charles Peters Bathelus, ki li menm tap prezide enstalasyon sila, fè konnen ak nouvo kire a, wòl li se pran swen gran moun kòm timoun, malad kou vanyan e pòv kou rich.

Anplis, Monsenyè a pale sou sityasyon sosyàl ak ekonomik pèp la pandan li soulinye lavi chè, kidnapping, grangou ak migrasyon kòm monnen pyès chak grenn ayisyen ayisyèn kap viv an Ayiti. Nan sans sa a, Monsenyè a konseye chak grenn ayisyen kanpe goumen pou konbat ensekirite a paske ayisyen pa gen peyi de rechany.

Kire enstale a bò kote pal, remèsye Monsenyè Bathelus, komite legliz la, pawàs vwazin yo, otorite yo ak tout kòlèg li yo, san konte dyaspora yo kite mete yo disponib pou yon parèy seremoni.

Pou fini, Monsenyè Charles Peters Bathelus, voye yon mesaj bay tout pitit peyi a notaman nan Nòdwès, kote l mande yo, pou yo pa pè kanpe goumen paske ayisyen dwe viv.

Li enpòtan pou konnen, fidèl katolik Chanpay yo te gen chapèl koulya li transfòme an pawàs.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.