Wanament-Anviwònman : Mèri Wanament lanse operasyon debleye lari a.

3,496

06-14-2022

Madi 14 jen 2022 a mèri Wanament lanse operasyon debleye lari a (twotwa) ak netwaye kanal ki bouche yo ki souvan lakoz inondasyon.

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Otorite minisipal yo nan sant vil komin Wanament lan deside itilize yon bakolodè ak yon baskil pou demoli plat atè baraj pwopriyetè “Famasi Altènativ” la ki te konstwi devan biznis li a ak sou kanal la; yon enstalasyon ki te fèt sou vwa piblik la ke Majistra Luma DÉMÉTRIUS kalifye medyòk e anachik kite fèt andeyò lalwà.

Daprè manb Konsèy enterimè komin Wanament la, Luma Demetrius ak se yon operasyon ki pap kanpe nan wout tout otan yo genyen gaz, kanpay sa vize debleye twotwa ak netwaye kanal yo nan sant vil la ki bouche ak fatra sa ki lakoz a chak fwa gen yen gwo lapli ki tonbe abitan sou gran Ri Espanyòl la inonde.

Daprè Océlite Destiné, se yon operasyon ki vle di yap fè prevansyon pou sezon siklonik lan pou si tout fwa ta gen gwo lapli pou evite inondasyon nan vil ki okazyone akoz kanal ki bouche ak fatra. Konsa, se nan sans sa, otorite yo ap prosede ak debleyaj ou netwàyàj kanal yo.

Otorite minisipal yo lanse yon piga bay tout moun ki okipe twotwa yo; kèlkeswa moun ki gen yon aktivite wap fè sou lari a pou di yo retire tout batanklan yo sinon lè yap pase yap san pitye paske espas lari a dwe rete lib pou moun sikile e se nan lide pou pwoteje vi popilasyon an.

Jn simon Manex

Comments are closed.