Gouvènman sangwen ou apatrid Ariel Henry ap miltipliye bwas pou fè fèmen konstriksyon Rivyè Masak

1,063

09-21-2023

Selon yon dokiman ki vini jwenn Radyo Metwonòm, gouvènman sangwen ou apatrid Ariel Henry ap miltipliye bwas atravè yon seri enstitisyon, pou fè fèmen konstriksyon Rivyè Masak la, yon fason pou reponn ak egzijans gouvènman rasis dominiken a, ki pa sispan pase anba pye dwa pitit tè Desalinn yo.

Depi kòmansman konstriksyon Rivyè Masak la, lwa pa sispann pran otorite dominikèn yo, woule atè, divèsyon, awogans, diskriminasyon, odas, je chèch ak pwesyon kriminèl pou atake vant popilasyon ayisyèn nan atravè fèmti Fontyè a, ki separe Repiblik Dominikèn avèk Repiblik Dayiti.

Yon sous ki fyàb, gouvènman sangwen kò gang PHTK a, ke kominote entènasyonal la ap kore pou fini ak pèp ayisyen an, ap miltipliye bwàs pou arive satisfè egzijans kolon panyòl yo ki ta sanble konnen tout kaka chat ak kòripsyon ekip kòwonpi politichyen ak richyen ayisyen yo ki pa kache afiche kriminalite yo anvè pwòp pèp lakay yo ki bouke pase mizè. Chantye plizyè lòt kanal ta dwe deja demare, yon fason pou Ayiti sispan konsome debri dominiken yo, ki ta sanble inikman fèt pou detwi ekonomi ayisyèn nan.

Antouka, konpòtman ministè agwikilti ak tout swadizan ministè anviwonnman enkonpetan an, montre a ki pwen apatrid yo ap chèche itilize tout kalite vye pwetèks tèt anba, yon fason pou kontinye leze dwa yon lòt fwa ankò pèp ayisyen an. Nan nòt bandi legal yo ta sanble mete deyò, yon fè referans ak kè kote ke yo genyen sou pozisyon kanal la ap konstri a, ki pa rekòmandab selon enfòmasyon baz done jewoteknik ak idwolik.

Nap raple, anpil bwas ak matrakaj ta sanble ap miltipliye ant reselè otorite ayisyèn yo ki mare sosis yo ak kolon kriminèl etranje ki detèmine pou eradike nasyon ayisyèn nan. Kanal Rivyè Masak la, pa kapab repwezante yon danje plis ke konplo dirijan biton ayisyen yo ki mare sosis yon ak kolon sangwen etranje, ki pa sispan dezumanize pèp ayisyen an, nan tout nivo.

Enel Richard

Comments are closed.