Chanpyona vakans nan Wanament : Koup Klasik premyè edisyon

1,524

07-31-2022

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Demi final yo kòmanse nan chanpyona vakans “Koup Klasik”; Aminatour, yon ekip twazyèm divizyon tonbe anfas Game nan.

Se avèk anpil emosyon divès jwè Club Foutbòl Ganize a tap kite Pak Vapor a, kote ke yo arive elimine nan seyans tirobi. Mèyè jwè match la, ki se yon jwè Aminatour, pat kache satisfaksyon li kòm mèyè jwè. Konsa, jwè sila ki ta parèt kòm youn pami vedèt yo nan chanpyona “Koup Klasik” la, konfime ke lap travay pou li kapab rive jwe chanpyona nan nivo nasyonal.

Antrenè Aminatour a bò kote pa l fè konnen se yon defèt li pat swete, paske jan li jwenn ekip la li tap travay fè anpil chanjeman.

Kapitèn ekip Game nan pa kache satisfaksyon li poutèt li kalifye pou final. Li fè konnen ekip li a te deja di l ke yo ap travay pou chanpyon; menm lè yo te pèdi premye match yo anfas Antrenou.

Nap raple chanpyona “Koup Klasik” la, jwen supò senatè Wanique Pierre ak Jacques Philomé Félix. Final la planifye pou 14 Out kap vini la.

Jn Simon Manex

Comments are closed.