Konfli ant otorite nan komin Mowon, pou kesyon konstriksyon kay ilegal.

1,003

12- 19 – 2023

Mowon, Ayiti____(TRiboLAND) Sitwayen sa a, nap gade la a, se yon polisye ki rele Dior Bassinet, ki fè pati inite depatmantal mentyen lòd Grandans ( UDMOGA) .

Aprè Majistra komin Mowon an, Getro Noëlssaint, finn mete entèdiksyon pou enjenyè Kensley Bassinet, pa kontinye travay konstriksyon yon kay. Gwo diskisyon arive pete, daprè enjenyè Kensley Bassinet ki konfime li arive pran yon kalòt nan men Majistra Getro Noëlssaint ki voye jete tout sal jwenn sou chantye.

Konsa, konsène yo te pwosede ak arestasyon Bassinet e kenbe li nan gadavi nan komisarya Mowon an pou yon ti bout tan. Yon liberasyon ki te arive materialize aprè entèvansyon plizyè notab nan kanton an.

3 jou aprè , ajan UDMOGA, rankontre ak Majistra Getro Noëlssaint nan Jeremi zonn Ladig, pou konen vrè koz yo; diskisyon yo te pran chè ant Majistra Getro Noëlssaint, enjenyè Kensley Bassinet ak polisye Dior Bassinet ki se frè li. Majistra Getro Noëlssaint arive dezame ajan polisye a, Dior Bassinet ki benyen aksan sou kòl aprè li resevwa plizyè pataswèl nan tèt.

Viktim yo, kise polisye Dior Bassinet ak enjenyè Kensley Bassinet, mande bourad lajistis ak reparasyon. Konsa, yo konte ale jiskobou ak yon parèy dosye ki opoze fanmi Bassinet ak Majistra Getro Noëlssaint, ki fè konnen se la lwa lap aplike.

Comments are closed.