Somè nan peyi Kiba: Luis Abinader bay manti sou konfli ayisyano-dominiken an

1,033

Par Enel Richard

09-16-2023

Luis Abinader yon lòt fwa ankò refize retounen nan bon sans li, lè deside lage yon plòt manti nan Kiba pandan some “ G77 + Lachinn” nan peyi Kiba. Obsede anba nostalji kolonyàl ak tout yon pwetansyon rasis, lidè repiblik dominikèn nan, Luis Abinader pa koeran nan moman li tap pwononse li sou konfli ayisyèn nan.

Lidè repiblik panyòl la, fè konnen yè vandredi 15 septanm 2023 a, nan Lahavann, se yon gwoup anachis kap chèche destabilize gouvènman peyi Dayiti a, ki dèyè konstriksyon kanal sou Rivyè Masak ki sou fontyè ayisyano-dominkèn nan. Pou kèk kritik, Abinader ta sanble pa kache ilsè pwejije ak layènn ki nan kè li kont repiblik Dayiti, te oblije itilize taktik mansonj kòm revelasyon nan moman some a, pou jistifye awongans ak fo manèv dosye Ayiti pou mileyaj politik.

Pou lòt kritik, Luis Abinader ki ta sanble antoure ak konseye fantòm, pa sispann ap kreye divèsyon, fo konfli san sans, bakle e ki pa genyen ni pye ni tèt. “Se sa ki rive, lè ou genyen yon gouvènman santral ki pa aktif; yon gwoup anachis deside konstwi yon kanal pou yon seri gwoup pwive”, dapwè Luis Abinader ki tap depoze nan yon rankont ak media lokal e entènasyonal.

Antouka, mansonj pwezidan panyòl la, ki pa sispann itilize Ayiti pou fè kapital politik li nan repiblik vwazen an, klèman pase kon van. Avèk gwo avanse ki fèt nan nivo teknoloji, li difisil pou yon seri manifestasyon popilè falsifye ou manipile. Se pwèske tout Planèt la ki konnen, popilasyon ayisyèn an detèmine pou kontinye eritaj (konstwiksyon kanal sou Rivyè Masak, depatman Nòdès peyi Dayiti) Jovenel Moise, ki mouri asasinen anba konplisite dirijan anpil peyi ak fòs fè nwa Dayiti. Konsa, tout sèktè nan sosyete ayisyèn nan ki detèmine pou revandike dwa yo fas ak yon rivyè fontalyè, pa kapab dezonètman akize kòm anachis.

Ta sanble, kote mò a ye, se pa la Luis Abinader al kriye! E se plis ke odas, pou genyen tout woule atè sa yo, fwape pye sa yo, awogans sa yo, entimidasyon ak fèmen lizyè sa yo, pou fòse ayisyen yo diskontinye konstriksyon yon sèl priz kanal; alòske otorite dominkèn yo, san oken lizaj, respè, diskisyon ak antant ak otorite ayisyèn yo, deja pran plis pase yon dizèn priz dlo sou rivyè Masak la.

Li difisil pou genyen antant ak yon antite ki vle tout pou li, nan yon resous anviwonmantal, kote ke tout moun genyen menm dwa. Ke otorite repiblik dominikèn yo kòmanse retounen nan bon sans yo, nan yon pwen pou yo finalman rekonèt menm dwa ke yo genyen an, se li menm Ayiti genyen egalman. Ase se ase! Afè bare tout wout pou trangle fòs pwodiksyon agwikòl peyi Dayiti a, ou pou enpoze ayisyen konsomasyon yon seri pwodwi lòbèy ki genyen matyè fekal, ou imilye bèf la, fè li bourike nan chan kann, jaden ak konstriksyon, fè fòtin sou do li e fè li konnen an menm tan ke li pa moun, “Sa Dwe Fout Fini! Ayiti pa yon pwovens repiblik dominikèn!

Dayè, ke otorite dominikèn yo ki pa sispann afiche pwejije rasyàl yo fas ak Ayiti, kontinye gen lwa e menm woule atè nan fè awogans, mete sa nan kalbas tèt yo: “Konstriksyon kanal pou awoze plèn Maribawou a pap kanpe menm pou yon segonn”. Ke yo atann yo ak plizyè lòt konstriksyon kanal, ki genyen pou wè avèk dwa peyi Dayiti pou li eksplwàte resous li nan respè yon seri nòm ou trete ki dwe fèt nan sivilite ak ekite ant 2 pati yo.

Enel Richard

Comments are closed.