Nòdès/Karis Enfrastrikti : Yon Larivyè problèm pou tout yon kominote.

2,626

05-27-2022

Karis_____(TRiboLAND) Rivyè Tènèv depi nan tan lontan e rive pou jounen jodia pa sispann bay payèt ak problèm pou travèse l. A vag lapli kap tonbe prèske chak jou atravèse depatman Nòdès la, se avèk difikilte pou moun rive travèse Twa Rivyè.

Sou ansyen prezidan Jovenel Moïse, plizyè teknisyen te vin vizitee fè yon seri evalyasyon nan kad yon plan konstriksyon pou jete yon “pon” sou rivyè a. Kandida, depite, senatè eli ak anpil katafal promès ratyè sou promès raketè, mizèrere popilasyon toujou pase nan farin.

Nap raple, gen anpil enfòmasyon ki tap sikile sou manda ansyen senatè Nòdès la, Ronald Lareche ki ta pran pon an pou al mete nan zòn Kapoti; yon enfòmasyon senatè a pa janm klarifye pou popilasyon kap soufwi a.

Rivyè Tènèv genyen gro repitasyon kòm dlo ki manje moun, brote pote desann tout kalite tèt betay ak motosiklèt ki ogmante mizè kominote yo.

Jn Simon Manex Triboland

Comments are closed.