Anplwaye Kodevi bay plis pase 74,000 goud ak 1,250 goud an peso pou kore konstriksyon kanal irigasyon Rivyè Masak la

794

09-16-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Jan plizyè gwoup sendika nan pak endistriyèl konpayi Kodevi te mande anplwaye yo pou kapab kontribiye pou pèmèt kanal irigasyon an fini.

Yon montan plis pase 74, 000 goud ranmase pandan apremidi vandredi 15 septanm 2023 a. Plizyè anplwaye fè konnen konstriksyon kanal irigasyon an se yon nesesite pou yo menm kap travay nan pak la; objektif yon parèy patisipasyon gen anpil pou wè avèk avansman jiskobou inisyativ la.

Pou anpil nan yo, aprè konstriksyon kanal la, yo pral fini ak konstriksyon plas piblik la. Anpil anplwaye etone lè yo wè gen kèk anplwaye dominiken ki bay kontribisyon nan mouvman konstriksyon kanal la.

Nap raple depi 30 dawout 2023, dat ki make inisyativ avansman priz kanal la, sitwayèn ak sitwayen tout kouch nan sosyete ayisyèn pa sispann pa sispann kontribye fas ak yon parèy defi.

Comments are closed.