Kominote dyaspora a nan tèt kole ak Jenerasyon Konsyant nan vil Pòdpè, lonje men bay plis pase 200 ti moun nan peryòd reouvèti lekòl la.

980

 Plis pase 200 ti moun pral rantre lekòl ak lajwa nan kè yo, se aksyon kominote dyaspora Nòdwès la, ki panse ak ti moun ki plis fèb yo.

09-16-2023

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Se nan yon abyans souri sou lèv ak kè sou biskèt, “Jenerasyon Konsyant” nan vil Pòdpè, nan tèt kole ak yon ekip dyaspora kè nan men, distribye plis pase 200 kit eskolè bay plis pase 200 ti moun vilnerab, nan lokal lekòl Saints-Innocents an, jounen samdi 16 septanm 2023 a.

Distribisyon sa a, dapwè deklarasyon plizyè nan manm “Jenerasyon Konsyant” yo, rive posib nan objektif pou ede ti moun ki plis vilnerab yo retounen sou ban lekòl.

Pami materyèl eskolè yo, nou te kapab remake ki tap vire anwon nan moman distribisyon an, nou kapab site : valiz, kaye, plim, kreyon, gòm elatriye.

Sepandan, poze kesyon pou konnen, èske mouvman sa a pral kontinye ede ti moun ki pakab yo ? Yonn nan manb yo fè konnen, yon parèy mouvman genyen yon karaktè sosyàl, e li pral kontinye ede sila yo ki nan vrè bezwen.

foto: JeanJean Paradis

Comments are closed.