2 moun pèdi lavi yo nan Wanament aprè yon eklatman dife lakay yon machann gaz

1,386

02-16-2023

Wananment, Ayiti ____(TRiboLAND) Anviwon 7h30 nan aswè mekredi 15 fevriye 2023 a lòske Radyo Kanari FM releye enfòmasyon sou yon kay beton ki gen yon etaj sou li ki kouvri ak tòl ki gen plizyè lokatè, pran dife nan site “La lumière” nan sant vil komin Wanament.

Ensidan sila rive pwodwi, akoz yon dife chabon kite limen andan kay la nan menm espas kote moun yo fè yon depo gaz pou al revann nan mache nwa. Ensandi sa ki koze yon eksplozyon san parèy lakoz 2 moun pèdi lavi yo ak lòt ki brile gravman grav.

Wilnot yon andikape ki responsab depo estokaj gaz la rive boule, ak de (2) lot moun ki mouri kankannen aprè konsta legal yo ke Jiji depè annaprè nan tribinal Wanament la, Renaud Pierre ki te akonpanye ak grefye Reyito, ak yon Bakòp Polis Komisè Bio Moncher te voye nan zòn nan, yon fason pou kapab sekirize pyès moun yo ak sa kap soti ann dan kay la.

Yon ti tan aprè eklatman gwo dife sila, sou demand Doublaste Charles ak Jacquelin Charles kise Admistratè Adjwen nan pak endistriyèl CODEVI, yon machin ponpye te sòti nan pak endistriyèl la pou te vin etèn dife a, lite anviwon 8h23 nan aswè. Malgre tout efò manm popilasyon an te fè nan brote dlo nan bokit, se te lave men swiye atè; sa pat sifi pou te kapab etèn dife a!

Jn Simon Manex




Comments are closed.