Estaf “valorize valè yo” òganize premyè jounen fòmasyon yo sou fabrikasyon pwodui chimik nan prizon sivil Pòdpè a

825

 Anviwon 60 prizonye benefisye premyè jounen fòmasyon yo sou fabrikasyon pwodui chimik gratis ti cheri, jounen samdi 08 jiyè 2023 a.

07-08-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Estaf k’ap “valorize valè yo” ki genyen nan tèt li, K-navao Valmond, nan tèt kole ak Pastè Ernsy Charles epi madam Moricette Aliv, deside òganize 2 jounen fòmasyon gratis sou fabrikasyon pwodui chimik ak prizonye yo nan prizon sivil Pòdpè a.

Fòmasyon sa a, kite demare ak anviwon 60 prizonye, konte bay chak grenn prizonye ki deja kondane yo, yon bagay pou ede yo rete vivan, nan moman yo taka fin pije pèn yo.

Nan kad premye jounen fòmasyon sila, prizonye yo ta pral aprann fè plizyè pwodui tankou : tampico, savon likid, detèjan poun site sa yo sèlman.

Pou te reyisi premye jounen fòmasyon an, estaf la deplase 2 fòmatè ki sòti nan kapital la, sa ki lakòz prizonye yo nan moman seyans yo, tap bat bwavo lakontantman non sèlman, pou fason entèvenan yo tap depoze, men tou, pou gwo inityativ sa a, estaf k’ap valorize valè yo rive reyalize nan site Kapwa Lamò a.

foto: pou respè pou konfidansyalite foto vizaj pwizonye yo pa pibliye.

Comments are closed.