Direksyon Sogebank fèmen pòt sikisal li genyen anba lavil Pòtoprèns pou rezon ensekirite.

682

03-27-2023

Pòtoprèns, Ayiti ___(TRiboLAND) Direksyon Sogebank, nan yon nòt li mete deyò jounen lendi 27 mas 2023, anonse yo pran desizyon pou fèmen pòt tout sikisal yo genyen anba lavil Pòtoprens akòz ensekirite ak zak kidnapping ki pran yon vitès san pran souf.

Direksyon Sogebank lan ankouraje kliyantèl la pou yo frekante lòt sikisal yo pandan yo konte sou bon konpran’n yo.

Nap raple, zak kidnapping yo ap ogmante anba lavil Pòtoprèns nan dènye jou sa yo, kote jounen dimanch 26 mas sèlman, bandi ak gwo zam kidnape 9 moun nan kapiltal ayisyen an.

Comments are closed.