Sou dosye Rivyè Masak la, Claude Joseph fè Repiblik Dominikèn sonje dokiman li te sinye

816

10-13-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon dokiman ofisyèl papye tenbre ke li pibliye, lidè pati politik EDE a, Claude Joseph konfime ke 2 peyi yo te volontèman sinye yon deklarasyon konjwent ki te rekonèt ke peyi Dayiti pad detounen sou oken fòm dlo Rivyè Masak la.

Pou Claude Joseph, se rizyèz kap fèt! Li rete kwè ke gouvènman dominiken an kenbe enfòmasyon say o sekrèt yon fason pou trennen pèp dominiken an nan fè fo pa.

Lidè EDE a, voye nan yon kwen sal tout akizasyon mèt dam ki pa kanpe sou anyen, ki ta fè konnen ke li genyen anterè nan yon parèy inisyativ “Konstwiksyon Kanal”. “Mwen ap defann enterè peyi’m, san ke mwen pa chèche fistije relasyon nou. Mwen reyisi yon seri viktwa diplomatik, e nou konnen trè byen ke peyi Dayiti pa vyole Trete lapè 1929 la”, dapwè Claude Joseph, ansyen chanselye ayisyen  an ki tap depoze.

Nap raple, sa genyen yon bon bout tan, Claude Joseph pa danse kole ak gouvènman rasis Luis Abinader la, ki pa sispann degaje yon nostalji kolonyàl nan Karaib la.

Comments are closed.