Rasanbleman Fanm Angaje Wanament nan tèt kole avèk “Save the Children” lanse ofisyèlman pwojè “Pwoteje Lavi”

1,056

09-16-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Rasanbleman Fanm Angaje Wananment (RFAW) ak “Save The Children”, fè lansman ofisyèl pwojè “Pwoteje Lavi” nan sant kiltirel Marie Louise Croix David la, jounen jedi 13 septanm 2023 a.

Nan prezans Batonye Evens Fils, Kòdonatris PGNE la, Jesula Blanc, direktè IBSER Nòdès la, Rémy Occean, Kòdonatris MCFDF Nòdès Rose Marla Seide, Monseyè Quesnel Alphonse, Komisè gouvènman Fòlibète a, Mèt Eno Zéphirin ak reprezantan plizyè òganizasyon e enstitisyon ki travay nan chèn proteksyon an.

Prezidan RFEO a, Roselène Pierre fè konnen pwojè sa pral akonpanye timoun ak fanm vilnerab yo ke repiblik dominikèn ap depòte nan move kondisyon. Konsa, nan sere kole yo konte travay egalman avèk MSPP Nòdès nan sante repwodiktif ak seksyèl. Se yon pwojè kap dire yon lane, soti pwemye septanm 2023 pou rive 30 dawou 2024 avèk yon montan sis san mil dola ameriken (600000$).

Pandan dewoulman pwojè sa a gen plizyè seyans fòmasyon ki pral fèt pou jèn yo sou IST/ VIH/ SIDA, mèyè fason yo ka pwoteje tèt yo kont gwosès pwematire.

Comments are closed.