Moun nan Delma 24 ak plizyè lòt zòn kòmanse yon lòt kalvè laterè ant gang Bèlè ak Solino aswè dimanch 10 septanm 2023 a.

1,037

09-10-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Gwo kout zam ap chante nan katye Delma 24 e latriye a, swit ak menas gwoup gang Bèlè ki soti pou mache sou Solino aswè dimanch 10 septanm 2023 a.

Selon kèk rezidan ki deja ap dezète pou abandone katye sila yo, genyen lòt gwo konfwontasyon manman penba kap manniganse pou mache pran Solino, ki ta sanble detèmine pou pwoteje perimèt katye yo ki rele yo chè mèt chèmètrès.

Plizyè sitwayen nan Solino deklare yo pat kite sangwen mikwòb ame sivil Bèlè vinn akapare kote ke yo ap viv la. Konsa, yo pa bouke rele lapolis pou vinn pote soutyen bayo fas ak yon masak ki ta sanble inevitab. Alòske genyen gwo kouri ak gwo rafal kout zam kap chante nan zònn Pòs Machan ki deja mete kapital la an chango aswè 10 septanm 2023 a.

Sous ki ta rive jwenn TRiboLAND, fè konnen anpil pweparasyon ap fèt nan diferan kwentay pou ofwi sangwen Bèlè yo, yon rezistans fawouch; alòske gwo detonasyon kout zam pa sispann chante depi kòmansman sware dimanch lan. Yon endis ki montre ke sosyete ayisyèn nan apènn ap konte kadav anba grenn je yon gouvènman gang kap danse kole ak gang.

Comments are closed.