Lidè pati politik Équilibre Démocratique la, ansyen senatè Ronald Larêche reyaji sou depòtasyon ayisyen Sendomeng yo

1,228

11-21-2022

Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Depòtasyon masiv migran orijin ayisyen pa sispann sou lòd prezidan dominiken Luis Abinader. Maltrete migran sa yo tankou bèt sovaj, abi move tretman yo obsève atravè yon plizyè videyo viral sou rezo sosyal yo.

Ansyen reprezantan depatman Nòdès la, Senatè Ronald Larêche denonse silans gouvènman an ak konplisite kominote entènasyonal la. Depi plizyè mwa, otorite Repiblik Dominikèn ap pèsekite ayisyen ki nan yon sitiyasyon iregilye pou yo ka mete yo deyò sou teritwa dominiken. Lidè pati politik Equilibre Démocratique la kritike avèk fòs endiferans otorite ayisyen yo, jiska prezan pa gen okenn aksyon konkrè ki fèt pou amelyore sitiyasyon konpatriyòt ayisyen nou yo.

“Nap denonse silans konplis gouvènman san koutcha Ariel Henry a ki poko vle rekonèt se masak prezidan rasis Abinader ap fè sou konpatriyòt ayisyen yo. Nap raple Abinader ke “2022 pa 1937”, daprè ansyen prezidan Asanble Nasyonal la? Senatè Ronald Larêche tire boulé wouj sou prezidan dominiken Luis Abinader ke li dekri kòm rasis kont nwa, ki gen ladan’l vyolans sou plizyè fòm, viktim nwa, menm fanm ansent yo pa epanye anba depòtasyon brital sa a.

“Prezidan rasis Abinader ap fè yon masak an silans sou sitwayen ayisyen kap viv sou tèritwa panyòl la; li mobilize tout fòs militè, lapolis, imigrasyon ak popilasyon an pou chase, touye, vyole e voye retounen nan peyi Dayiti tout moun nwa yo twouve”.

Fòk nou sonje, pou mwa oktòb la sèlman, genyen 14.801 imigran ayisyen otorite dominikèn yo refoule nan peyi Dayiti (9.455 gason, 3.798 fanm, 870 ti gason, 678 tifi), daprè revelasyon Gwoup Sipò pou Rapatriye ak Refijye yo (GARR).

Jn Simon Manex

Comments are closed.