Nasyon Tèt Kole yo egzije jistis ak reparasyon pou viktim masak Raboto yo

294

Jenèv___(TRiboLAND) Michèle Bachelet ki se yon responsab Wo Komisarya pou dwa moun nan Nasyon Tèt Kole yo egzije nan yon kominike yè mèkredi 29 jwiyè 2020 an jistis ak reparasyon pou viktim masak Raboto yo nan lane 1994.

Emmanuel Toto Constant

Atravè yon parèy kominike, Michèle Bachelet egzije jijman Emmanuel Toto Constant ki te Alatèt Front pour l’Avancement et le Progrès Haitien (FRAPH), yon fòs paramilitè ou eskadron lanmò ki masakre yon latriye sitwayen ayisyen nan Raboto, Gonaiv an 1994. Konsa, Diplomat ONU a fè eta de tout yon seri zak grav ke chèf FRAPH la te komèt tankou: vyòl ak vòl, detansyon abitrè, tòtu, egzekisyon some, disparisyon fòse ak yon pakèt zak malfektè”.

Gran Toryan Nasyon Tèt Kole yo, di ke sa pap pase! “Li enposib pou ta kite yon moun ki komèt gwosè zak grav sa yo echape anba men Lajistis,” daprè Madam Bachelet ki tap ensiste pou Lajistis ayisyènn pa nan tololo ak Toto.

N’ap raple, sa pa gen lontan komisè gouvènman Gonaiv la tap bay “kout tèt” nan dosye Toto Constant an.

Comments are closed.