Yon polisye sòti blese, divès lòt abitan kontinye ap kite lakay yo, se bilan nouvèl atak kowalisyon gang yo nan katye Solino.

801

05 – 06 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Depi plizyè jou nan kapital la katye Solino ak divès lòt zòn ki antoure li yo tounen chwal batay kowalisyon gang Viv Ansanm pou dechèpiye ti malere ak malerèz.

Pou yon lòt fwa ankò apre midi dimanch 5 me 2024 la, gang sangwen kap opere nan zòn Bèlè, ki genyen nan tèt yo kriminèl Kempès, mete zòn Solino ak divès zòn ki antoure li yo, tèt anba tèt anba, san konte moun kap resevwa bal, san konte yon latriye lòt ki kontinye ap kouri kite lakay yo.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, fòs fènwa yo tèlman ap miltipliye dega nan Solino, polisye Jeff ensikoni pa epanye, li blese gravman grav ki, pou koulya ap pran swen sou kabann lopital.

Comments are closed.