Etazini, yon inyèm fwa ankò, mande jistis pou viktim masak Lasalin, Gran Ravin ak Bèlè e latriye

521

03/30/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon nòt ke li fè sòti pandan yon dividal fwa, otorite anbasàd amerikèn yo nan peyi Dayiti pase men sou tèt gouvènman defakto Jovenel Moise la pou ankouraje yo  bay moun ke yo vyole dwà yo, espesyàlman sa yo ke yo te masakre nan Lasalin, Gran Ravin ak Bèlè e latriye.

Anbasad la kontinye egzòte gouvènman ayisyen an pou pwoteje pwòp sitwayen li e li li bay dèyè li 2 tap pou trennen lotè ak reselè krim yo devan lajistis jan sa dwà.

Paralèlman, pwisans Tonton Sam nan atravè yon rapò, reyitere volonte li nan sa ke li kwè ki se yon angajman pou batay pou yon planèt kote ke dwà tout moun pwoteje; “tout sa yo kap defann yon parèy pwensip dwe onore, men sa yo kap vyole pwensip sa yo dwe peye pou sa yo fè”, daprè otorite amerikèn yo ki t’ap depoze.

Comments are closed.