Direktè depatmantal Polis branch Nòdwès la, nan tèt kole ak lajistis vizite lokalite Fwazon, 5è seksyon Bèdè Moustik.

822

04 – 05 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Direktè depatmantal Polis branch Nòdwès la, Mesye Clivens Cetoute, nan konplisite ak sibtiti komisè Jeïr Pierre, vizite nan dat jedi 4 avril 2024 la, plizyè lokalite nan komin Bèdè Moustik pami yo, lokalite Fwazon, komin Pòdpè.

Dapwè responsab yo, seri vizit sa yo rive tanmen nan lide pou adopte bon jan mezi pou kontrekare nèg ak zam ki ta gen tandans vin plante baz yo ak kreye latwoublay nan mitan popilasyon Nòdwezyèn lan.

Pwomèt bon jan mezi pou pasifye depatman Nòdwès la, gwo zotobre yo bay garanti Nòdwès pap gen kote pou gang vin enstale pou fè kapital ekonomik yo.

Comments are closed.