SOS : Prizonye nan prizon Tigwav ap rele vant kòde pou grangou.

1,122

09 -10- 2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Prizonye yo ki anpile pil sou pil nan prizon sivil Tigwav la, ap rele anmwe sekou pou grangou vant kòde. Yo fè konnen, yo genyen plizyè jou depi yo pa manje, ki dira pou yo ta jwenn ti gout dlo anndan yon founèz chalè.

Prizonye yo ki lage pou kont yo san sekou, nan prizon sivil Tigwav la, mande sitwayèn ak sitwayen ki gen bon kè anndan e deyò peyi a, ede yo ak grangou kap brase bil yo seryezman; mete sou divès lòt maladi kap fini avèk yo anndan prizon an.

Nan sans sa a, prizonye yo ki pa otorize pou jounalis anrejistre vwa yo, deklare si pa genyen anyen ki fèt pou yo nan jou sa yo, y’ap tonbe mouri pil sou pil, san yo pap menm gentan transfere nan gran prizon ki tou frèch ki te konstwi pou yo a.

Comments are closed.