Operasyon san pran souf: Lapopo revizite Village de Dieu yon lòt fwa ankò

905

06-19-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan sousi pou pa kite aktivite gang yo san souf, ajan PNH yo revizite Village de Dieu, youn nan pi gwo basyon gang sangwen anndan peyi Dayiti, patikilyèman nan kapital la.

Dapwè yon nòt lapolis mete deyò sou paj Facebook li, aktivite operasyonèl yo ap rapouswiv avèk anpil estrateji yon fason pou arive kraze ou demoli kachèt bandi yo. Gwo poban materyèl ou ekipman anjen lou PNH yo, ap kontinye ak travay debleyaj yo sou Bisantnè a, yon fason pou fasilite bonjan dewoulman operasyon antre pran yo.

Antouka, pou anpil moun kap obsève, ta sanble yo reyalize ke fòs lòd yo plis ke detèmine pou jwenn bout malfwa sanginè yo, ki kontinye ap fè pale de yo.

Comments are closed.