Yon etidyant syans ekonomik pann tèt li

895

06-07-2023

Danaïca Duplan, se non yon etidyant syans ekonomik ki arive pann tèt li yè lendi 5 jwen 2023 a, dapwè pwòch li ki te anonse yon parèy dram.

Renmen lavi, pa genyen pase’l! Konsa, li te fè pati mouvman REAGSANG ak KONBIT SAN POU SAN, pou sove lavi lòt moun. Jiska prezan, enfo yo pa fè eta ki sa ki ta alabaz yon parèy swisid.

Danaïca ki te toujou valorize lavi, te sou 4èm ane li nan syans ekonomik nan vil Gonaiv.

Comments are closed.