PNH kontinye ap trese lèl pou rekipere tèritwa pèdi nan Kafou Fèy

1,054

09-09-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Polis Nasyonal Dayiti pa sispann fè bwàs pou arive repran kontwò,l tèritwa pèdi yo nan lokalite Kafou Fèy depi plizyè jou, dapwè deklarasyon Dirèktè lapolis la, Frantz Èlbé ki tap entèvni sou kriz ensekirite a.

Pou Frantz Èlbé, genyen anpil avanse tip, tipa ki fèt nan sa ki genyen pou wè avèk ratrape plizyè katye ki anba kontwòl gang mikwòb yo ki lakoz plizyè milye moun dezète ou kouri kite lakay yo pou laterè ak zak asasinay sangwen.

Dirèktè a, rapouswiv ke mete yon seri dispozitif sou pye 24 sou 24 e genyen bonjan rapò grese sere ak diferan manm nan popilasyon an ki fasilite travay sistematik fòs lòd yo ki detèmine pou deloje bandi yo e fasilite evantyèlman tout moun retounen nan lapè nan zònn Kafou Fèy.

Plizyè katye ta sanble rekipere e ap repwan manm timidman; alòske sspas tankou Foucha e latriye, toujou anba grif gang mikwòb yo ki deja ap kontwole 80% kapital la, Pòtopwens.

Comments are closed.