Divès abitan nan popilasyon 3èm seksyon kominal Twouchouchou Tigwav, ap fè fas kare ak gwo pwoblèm kominikasyon

809

09-09-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Divès abitan nan 3èm seksyon kominal Trouchouchou Tigwav, nan yon antrevi ak laprès jounen vandredi 08 septanm 2023 a, nan lide pou yo denonse gwo difikilte yo di, yap andire pou kominike ak fanmi, zanmi yo ki nan peyi etranje.

Peyizan yo ki deklare, yo pa konnen ki sen pou adrese devan sitiyasyon sa a, ki daprè sa yo esplike, yo oblije mache plizyè kilomèt wout pou yo monte sou yon tèt mòn ki rele Bajon, yon fason pou yo jwen yon ti lòsyè sinyàl pou yo kominike ak fanmi, zanmi ki nan lòt peyi.

Nan sans sa a, abitan yo mande konpayi Digicel ak Natcom pou vin fè yon ankèt, kap kapab bay yo yon lide eske seksyon an genyen nesesite pou sèvis konpayi sila yo.

Nap fè remake, 3èm seksyon kominal Twouchouchou Tigwav, genyen anviwo 23 mil moun kap viv ladan ni, selon kèk notab nan kominote a.

Comments are closed.