Aprè Youtube izole Izo: bawomèt zak kidnapping ak vyolans yo moute 17 otè

1,276

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Tankou jan chèf gang sangwen Village de Dieu a te promèt li, zak kriminèl yo pral remonte nan yon nivo enkwayab, akoz petisyon ki okazyone sispansyon kont Youtube chèf Izo ki izole.

Kidonk, tel di tel fèt! Plizyè gro chabwak kidnape e machin blende yo bwile aprè ke bandi sangwen mete kapital la tèt anba jounen samdi 15 avril 2023 a. Harrold Marzouka, PDG “Haiti Plastique”, arive kidnape ak plizyè manm fanmiy li nan nan Delma riyèl Jeudi maten an; e koulya, yo trouve yo anba men Izo, anndan Village de Dieu. Fanmiy lan te sou yon machin blende e yon machin backup ke bandi sangwen IZO yo bwile rapye tè.

Alain Jeudi alyas Pouchon, ke anpil moun konnen nan domèn festivite kiltirèl tankou “SUMFEST”, e ki envesti anpil nan pwomote atis mizikal yo, arive kidnape ak tout chofè li yè vandredi a nan yon legliz. Jeudi trouve li nan moman sa, anndan Village de Dieu, chèf gang IZO.

Comments are closed.