Abitan kap viv nan 1e Seksyon Boden ap fè fas kare ak ratman dlo.

1,056

02-28-2023

Boden, Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Absans Direksyon Asenisman Nasyonal Dlo Pwòp (DINEPA),nan 1e seksyon Boden komin Pòdpè, bay gwo kè sere nan mitan divès fanmiy kap kouri monte/desann pou boske ti gout dlo anba men san pitye kap vann yon kamyon dlo sitèn 3 mil dola.

“Sityasyon an konplike. DINEPA pa janm parèt pwent tèt li nan zòn nan. Yon bokit dlo ap vann 35 goud; sa ki pirèd la, se nan kouri monte desann pou nou jwenn li, se tankou’w taka di, pa gen otorite ki la”, se deklarasyon Duversot Berthony, yon sitwayen angaje nan zòn Boden.

Konsa, li esplike gwo enkyetid li genyen, lè’l konsidere kantite dlo kap gaspiye nan zòn Remousen ak Chansòlm, sa ba’l vètij pou swadizan otorite krizokal isit.

Berthony ki dekri sityasyon dlo a nan seksyon kominal sila, fè konnen, se nan fouye “pi“ abitan yo konn jwenn yon solisyon ak pwoblèm dlo a, malerezman anviwon 3 mwa lapli pa tonbe sa ki vin anpire sityasyon moun yo.

Denonse lejète ak iresponsabilite swadizan otorite yo, pou Berthony repons lan se nan eleksyon yo pral bay li, lè’l konsidere kantite demach, pelerinaj ak va e vyen ke yo fè devan pòt DINEPA ak lòt konsène yo, yon bal pa pati.

Comments are closed.