Deplase Gresye yo ki twouve yo sou plas Anakawona Leyogann, eksprime dezakò yo ak fason leta ayisyen ap trete ensekirite a.

639
11
Share:
TRiboLAND

    
08 – 24 – 2024

Leyogann, Ayiti ___(TRiboLAND) Moun nan komin Gresye ki al pran refij yo sou plas Anakawona nan komin Leyogann, eksprime dezakò ak bouch lonje yo, fas ak fason leta ayisyen ap adrese dosye ensekirite a nan peyi a patikilyèman komin Gresye.

Deplase yo ki pa mete dlo nan bouch yo pou denonse move tretman, mizè tout kalite yap konnen sou plas Anakawona nan Leyogann, te ankolè nan moman yo tap enimewo konbyen agoni ak soufrans y’ap endire nan kotidyen yo.  Anpil nan moun sa yo ki ak timoun sou bra lage 2 bra balanse anba je yon leta koupyon kap livre peyi a sou tout fòm.

Sitwayèn ak sitwayen yo ki deklare ke sa pat pi ma lakay yo, admèt ke san lè pèdi tèt yo lè y’ap viv yon kochma parèy, kote gang bandi sangwen kriminèl yo ak gwo zam nan men yo fòse yo kouri kite lakay yo. Mete sou sa, yo menm mete dife nan kay yo, kraze biznis yo epi pote ale tout sa yo posede. Elas, yon pèp ki refijye nan pwòp peyi’l!

Toutfwa deplase pa konnen ki sen pou yo rele! Yo swete wè CPT Conille lan mete pye yo atè pou fè tout sa ki nan pouvwa yo pou rezoud dosye ensekirite a nan peyi a notamman nan komin Gresye, yon fason pou yo retounen al viv lakay yo jan sa te ye avan.

Share:

11 comments

  1. Augustin. Suzanne 26 August, 2024 at 03:09 Reply

    Timari PAP monte timari PAP desann , se menm yo menm nan , CPT PAP vin règle anyn pask yo pa gn lidechip vre , se dikte yap pwan nan men mouche blan or se konplisite blan ki boykote peyi a, ensekirite ap taye banda kite Moun yo te voye yo ? Kisa ki fet déjà? Si CPT sa te vin règle Yon bgy serye yo tap déjà vin jwenn Miskaden pou ranfose travay li a.

  2. Agustin suzanne 26 August, 2024 at 03:12 Reply

    Yo telman PAP règle anyn nan peyi sa se Yon menm ki koz nou pèdi tout krem peyi a, yo oblije l’âge yo nan peyi blan pask an ayiti vi yo menace , ensekirite nan tout nivo , lavi chè , koripsyon ahhhhhhhh quel pays!!!!

  3. 3d659.com Blog 1 November, 2024 at 02:05 Reply

    Tech Write For Us explores the transformative impact of AI in education. We provide in-depth articles on how AI enhances learning, supports educators, and personalizes student experiences.

Leave a reply