Plis pase 75 moun mouri nan yon zatrap bonm nan Mogadisyo

0 300

Mogadisyo____(TRiboLAND) Plis pase 75 moun fè vwèl pou peyi san chapo ak yon latriye douzèn lòt ki blese nan yon atak zatrap bonm machinn nan kapital Somali a nan Mogadisyo jodi Samdi 28 Desanm 2019 la, dapre rapò otorite lokal yo.

Rapò inisyal la te endike ke eksplozyon an te rive pandan yon blokis machinn ki te paralyze tout yon trafik nan yon checkpoint ki te reyèlman konjesyone nan vil la. Pami viktim yo, ou jwenn anpil elèv ki te nan otobis yo ki tap pase nan zòn nan lè eksplozyon an te fèt, selon AFP.

Se konsa, oken gwoup tèworis pa revandike responsablite yon parèy atak. Antouka, otorite lokal ki nan mitan operasyon pote men fòt yo kap konte kadav pwevwa kantite moun ki mouri yo kapab ogmante nan nenpòt moman.

Leave A Reply