Plizyè chèf gang pase move moman jodi Dimanch 19 Janvye 2020 la

0 405

Pòtopwens____(TRiboLAND) Gwo echanj kout zam ant ajan polis nasyonal yo e avèk bandi kap opere nan antre Sid kapital la jodi 19 Janvye 2020 an. Konsa, yon pwezime bandi ki pote non Frid alyas “BIM” e ki se alatèt gwoup gang katye gran ravinn nan pran yon bal bò kòt li. Frid ke yo akize ki gen men l tranpe nan divès asasina pami yo Dieujuste Jean Pierre, ex-enspektè PNH la kit e tonbe anba bal 28 Novanm 2018.

Lachas kont gang yo pa sispan miltiplye; se reyèlman yon joune nwa pou divès chèf gang kap eseye fè fas ak divès afwontman kanpe batay.

Deja, plizyè mò avèk blese ta anrejistre nan kan yo jodi 19 Janvye 2020 an, ki yon jounen “sov ki pe.” Rumè ki byen fonde ta vle fè kwè divès chèf gang tonbe, tankou Yvon nan Lasalinn, Ti Junior ki tap opera Nan Chabon ta kite po li atè, san konte Sindy, chèf gang nan Pon Wouj la ki ta sanble pèdi lavi li.

Leave A Reply