Mawòk Latè tranble: Otèl Cristiano Ronaldo a, pa efondre

837

09-09-2023

Kasablanka, Mawòk____(TRiboLAND)Wayòm peyi Mawòkla sekwe anba krif yon gwo manmna penba tranblemantè ki devaste pwesdke tout peyi a. Dapwè enfo ki arive jwenn TRiboLAND, enstalasyon otèl 5 etwàl supèsta foutbòl Cristiano Ronaldo pa tonbe plat atè.

Aktivite late tranble a ki estime yon magnitid 6,8, se pi gwo gwoudou gwoudou ke peyi Mawòk pa janm konnen depi 120 lane; li kraze plat atè plizyè gwo batiman ansyen nan vil yo ki te konstwi ak wòch e ak teknik masonnri pi pat fèt pou reziste ak sekous sismik.

Antouka, yon repòtè ki sou plas, konfime TRiboLAND ke otèl Pestana nan vil Maraèch, ki se pwopwiyetè foutbòlè lejann Cristiano Ronaldo, pa tonbe. Anpil nan kliyan ki te nan pwopwiyetè a te oblije soti pou mete yo an sekirite.

Comments are closed.