Popilasyon Senlwidinò ak Ansafolè ap rele amye pou move sèvis konpayi Natcom ap bay nan awondisman an.

553

08-22-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon kap resevwa sèvis konpayi Natcom nan komin Senlwidinò ak Ansafolè di yo pa satisfè ak sèvis konpayi sa ap ofri yo depi yon bon bout tan.

Imajine pou ranplase yon sim ki koute 200 goud, ou oblije peye 300 goud machin pou ale Pòdpè. Si lelefòn ou gen yon pwoblèm kèlkonk se menm trajè a pou fè; tandiske konpayi a te ka mete yon biwo nan komin Senlwidinò oswa Ansafolè pou soulaje kliyan yo.

Popilasyon an ki fè konprann yap achte telefòn, sim, minit, kas, chajè epi peye rechaj, se pa konngout pou yo jwenn yon ti siyal pou yo fonksyone. Yon bagay ki pirèd nan biwo Natcom gen nan komin nan se 500 a 250 goud pou yon ajan ede w rezoud pwoblèm yon kat sim ki mal plase nan yon telefòn.

Kliyan yo nan Senlwidinò ak Ansafolè ap mande konpayi Natcom mete yon biwo pou satisfè bezwen yo. Si non yap aji nan jou kap vini yo.

Comments are closed.