Iran konte egzekite yon ajan CIA kite envòlv nan asasinay kòmandan Soleimani an

313

Teheran___(TRiboLAND) Yon sitwayen iranyen ki te pase enfòmasyon bay sèvis entelijans peyi Etazini ansanm ak Izrayèl sou vire tounen yon Kòmandan Wo Grade Iranyen an, Qassem Soleiman pwàl genyen pou li egzekite trè pwochènnman, dapwè yon rapòte depatman Lajisti peyi islamik lan.

“Mahmoud Mousavi-Majd, ki se youn pami espyon CIA ak Mossad yo, te kondane pou li mouri. Se li menm ki te founi bay ènnmi nou enfòmasyon sou tout deplasman Kòmandan Soleimani ki mouri kòm yon mati, “dapwè Gholamhossein Esmaili ki tap entèvni nan yon konferans televize.

Soleimani jwenn lanmò li nan yon atak dwonn pawosaj Etazini 3 janvye 2020, li te pi gwo Alatèt Quds Fòs Elite Iranyen an.

Comments are closed.