Senlwidinò : Enspektè minisipal yo takse machann telefòn yo.

353
1
Share:
TRiboLAND


08 – 14 – 2024

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Enspektè minisipal yo takse tout machann kap vann telefòn sou plas piblik Senlwidinò a, jounen mèkredi 14 out 2024 la .

Chak machann telefòn yo, bay yon patisipasyon 250 goud pou netwayaj ak reparasyon espas kote yap vann nan. Enspektè yo ki te akonpanye ajan sekirite lameri yo te leve plizyè tablo afichaj moun kap fè pwogram yo te mete sou plas la san otorizasyon lameri .

Machann telefòn yo pat sispann mimire pou malpwoprete ki pa janm fini nan espas kot yap vann chak jou bondye mete a.

Share:

1 comment

Leave a reply