Flash : Dwayen Tribinal Pòdpè a, Me Desravines rann òdonans pou mande Majistra Josué Alisma chèche kap li ak koze simityè a sou teren MJSAC la

908

08-22-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Jodi madi 22 dawout 2023, Dwayen TPI Pòdpè a, Me Ernst MK Desravines rann òdonans nan sa ki gen pou wè avèk dosye tè ki pou MJSAC konstwi sant spòtif Nòdwès la, ke Majistra Josué Alusma te vle fè dappiyanp sou li, sou pwetèks pou jewolokalize simityè vil Pòdpè a.

Dwayen an fè dwa ak demand Direktè depatmantal MJSAC Nòdwès la, Joseph Walkens anba ògan kabinè Avoka li Rybens; mande pou Mèri Pòdpè ak Josué Alusma kanpe sou veleyite li te genyen pou konstwi sou tè sa ki se pwopyete MJSAC, ki destine pou konstwi yon sant spòtif.

Dwayen TPI rann òdonans sa, aprè deklarasyon Ulrick Ménard ak Abraham Vincent ki te fè don a Emmanuel Rémy nan dat 22 me 2014 pou sa; konsta jij Depè Me Dumagène Maxime te fè nan dat 9 dawout 2023 ak rekèt kabinè Rybens ak Asosye nan dat 21 dawout 2023.

Comments are closed.