Majorite divès enstitisyon piblik nan vil pòdpè badijonnen ak matyè fekal

Pòdpè___(TRiboLAND) Moun yo pa rive idantifye sal ak matyè fekal divès etablisman eskolè ak enstitisyon piblik nan Metwopól Nòdwès la maten Lindi 2 Desanm 2019 la.
Byen bonè nan maten elèv ou lòt sitwayen ki te sou pye yo te konstate matyèl fekal te achte lajan kontan divès espas tankou: Kay sè ,Lycée Tertullien Guilbeau, Tribinal Depè, Kolèj Le Marien, Palè Jistis pou n site sa yo sèlman. Zak malonnèt sa a, ki alafwa revòltan ak imilyan, te paralize anpil lekòl nan site Kapwa Lamò a , revòlte e atake karaktè moral sitwayen nan vil Pòdpè kap plenn nan kè yo san denonse otè gwoup moun sa yo ki mete Pòdpe nan nivo ki pi ba-a.



Pou elèv, pwofesè, anseyan, direktè lekól se dènye kou ki pou
te touye koukou-a. Nan ekspwime endinyasyon yo atravè mikwo TRIBOLAND, yo kondane
yon tèl zak e yo fè konnen kèlkeswa moun ki poze zak malonnèt badijonnen lekòl
ak matyè fekal ta dwe jwenn bouchon li legalman.

Anpil moun estime se pa lekòl yo ki merite vandalize! Gen lòt moun tou ki kwè se yon aksyon ki define yon taktik sal ki demontre non sèlman nan ki nivo yon sèktè valorize edikasyon nan depatman an; men tou li denonse nan ki pwen moun alèz ak matyè fekal nan sosyete-a.
Sa pa gen lontan, moun yo pat arive idantifye te itilize menm taktik bayakou sa nan antre yon ansyen otopats ki te rele Pwezidan Jovenel chèmèt chèmètrès.
saint jean wiskis, TRiboLAND






