Senlwidinò : Yon mès aksyon degras chante nan legliz katolik Saint Louis Roi de France lendi 26 out 2024 la.

452
5
Share:
TRiboLAND

08 – 26 – 2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiLAND) Nan okazyon fèt patwonal Louis Roi de France lan jodi lendi 26 dawou 2024 la, yon mès aksyon degras chante nan pawas Saint Louis Roi de France nan komin Senlwidinò. Seremoni sa te dewoule an prezans diferan pèsonalite nan depatman Nòdwès la, pou nou pa di peyia.

Reveran pè Ernes Desir Lhomme nan predikasyon li, li mande fidèl yo swiv modèl Roi Louis pou lavi yo kapab chanje yon lòt moun, nan sosyete yap viv la . Yon lòt bò, pè a mande responsab yo sonje satisfè lòt yo menmjan ak pwòp tèt yo, paske anganman pap mennen moun oken kote.

Travay pou chanje peyia, sostete, kominote a nan lapè, lajwa, lacharite ak lajistis paske se pi gwo konba yon kretyen kapab menen pou bay lavi yon modèl nan je tout moun, dapre sa reveran pè Ernes Desir Lhomme deklare.

Malgre sitiyasyon mal makak peyia, peleren ak pè tout kalite te soti nan tout peyi a pou vin priye sen patwon yo Louis Roi de France.

Share:

5 comments

Leave a reply