Gang Koko Rat San Ras kidnape yon otobis “Patrik Coach Line”, maten an nan Lakwa Peris.

985

08-22-2023

Lakwa Peris, Ayiti__(TRiboLAND) Gang Kokorat San Ras, kidnape otobis konpayi Patrik Coach Line ak tout pasajè yo nan lokalite Tibwadòm ki sitiye ant Gwomòn ak Pòdpè byen bonè maten 22 out 2023 a. Yon dizèn moun Senlwidinò ki te abò otobis la, anba men bandi yo ki reklame 500 mil dola pou liberasyon yo.

Se pwèske chak semèn malere ak malerèz nan depatman Nòdwès peyi a, ap sibi 2 ou twa zak kidnapping nan Lakwa Peris, yon basyon bandi ki sèl kòk chante e ki ap travay nan konplisite ak direksyon depatmantal polis la nan vil Pòdpè.

Anpil moun ap mande tèt yo kote yo pral jwenn yon parèy magogo ($500 000) pou peye bandi. Popilasyon an mande chèf peyi a, aji avèk pitye an favè malere e malerèz yo ki san sekou.

Comments are closed.