Komisarya Ansafolè a, ap fè fas ak yon nich pwoblèm

1,019

04-20-2023

Ansafolè, Ayiti ____(TRiboLAND) Komisarya ki trouve’l nan komin Ansafolè a, ap fonksyone nan move kondisyon. Yon komisarya kap fonksyone ak yon efektif minim, pa menm ka reponn ak bezwen anviwon 6 polisye ki pa menm regilye pou tout yon komin.

Depi soti nan pòtay antre a, rive nan latrin yo, komisarya Ansafolè tèt anba. Sal kote pou chèf de pòs la sèvi a konplètman dezòganize, kote polisye yo dòmi sal tankou peny ti dan e nan eta sikre. Pa gen twalèt pou ajan yo fè bezwen, malgre espas ki disponib pou polisye sèvi, men mòd òganizasyon an pa reponn.

Mwayen deplasman polisye yo konplètman pa egziste e bay gwo difikilte pou yo ta fè arestasyon; machin komisarya anpann depi dig dantan. Polisye yo nan komisarya sila, viktim egalman anba konpòtman toleran popilasyon an, ki toujou ap kase fèy kouvri sa; konsa, sa lakoz yo parèt vilnerab devan divès moun ke anpil fwa yo ta dwe pouswib. Sètèn fwa, pou yon arestasyon fèt, se si popilasyon an vle, sa koz anpil fwa se lèt envitasyon Jij yo oblije bay olye yon manda pote vini, si li ta nesesè. Si PNH la gen pou deviz pwoteje ak sèvi, kijan yo ka reponn ak egzijans yo, lè yo menm tou yo pa pwoteje.

Polisye yo nan komisarya Ansafolè a, mande pou otorite polisyè ki nan depatman ak nan Direksyon Jeneral PNH la pou yo fè tout sak nesesè nan pouvwa yo, pou mete yon minimum enfwastrikti yon fason pou yo ka dispoze ak disponib pou bay popilasyon an sèvis.

Comments are closed.