Peyizan nan 3èm seksyon Gran Vensan, komin Wozo aplike fòmil bwa kale a sou yon vòlò kabwit.

862

08- 21- 2023

Komin Wozo, Ayiti- ( TRiboLAND) Chama ensi koni, selon peyizan zòn 3èm seksyon kominal Wozo, ki pwan plizi l, nan vòlê kabwit peyizan yo pou al manje nan baz, resevwa fòmil BK a nan Gran Vensan.

Peyizan yo, ki bouke ak aksyon malonèt ke Chama ensi koni tap Mennen, nan detwi chak jou ki jou zannimo yo nan seksyon an, oblije bay tèt yo jistis. Konsa, nan yon elan tèt ansanm, peyizan yo te tann ratyè pou Chama e arive enskri li nan pwogram “Bwa Kale” a.

Antouka, kèk temwen ta konfime ke peyizan yo te egzije residivis la rele “Bèeèèèè” avan yo kòche li e flanbe li tankou yon bouk kabwit., jan sad we fèt, selon fòmil BK a.

Desizyon pou mete fen, nan lavi Chama a, pwan nan seksyon an, apŕè majorite peyizan yo te deklare “Se twòp atò”, paske chat Chama manje twòp kabwit, kochon, e mouton pou abitan yo, nan 3èm seksyon Gran Vensan.



Comments are closed.