Òganizasyon CEDUCC ak UNICEF distribye kit ijenik bay moun ki deplase yo nan komin Leyogan ak Gresye.

59
0
Share:
TRiboLAND

Òganizasyon CEDUCC ak Unicef distribye kit ijenik bay moun ki deplase yo nan komin Leyogan ak Gresye.

07 – 20 – 2026

Leyogan, Gresye, Ayiti ____ (TRiboLAND) Òganizasyon entènasyonal Centre pour l’Education Communautaire et la Culture (CEDUCC), nan tèt kole ak Unicef distribye samdi 18 jiyè 2026 lan, nan oditoryòm Leyogan nan, kit bay 250 fanmi ki deplase nan komin Gresye ak Leyogan.

Selon responsab yo, distribisyon sa a, fèt nan lide pou pote yon repons ijan bay moun ki deplase yo nan komin ak Leyogan ak Gresye. Pou dirijan yo, konpozisyon kit ijyenik lan, reflete volonte òganizasyon yo pou trete deplase yo avèk repè ak dinyite, e solidarite.

Toutfwa, òganizasyon entènasyonal CEDUCC ak Unicef, reyitere devwa li detèminasyon li, nan bay kominote nan rejyon gwavyèn soutyen fas ak fenomèn gang nan epi ofri yo lespwa pou yon demen miyò.

Share:

Leave a reply