Komin Wozo: fidèl legliz katolik yo, fete Imakile Konsepsyon san gran ensidan majè.

429
0
Share:
TRiboLAND

12 – 08 – 2023

Wozo, Ayiti____(TRiboLAND) Men jan vil Pòdpè fete fèt patwonal li, Imakile Konsepsyon, plizyè santènn pèlerin, meloman, fidèl legliz katolik ki te soti atravè diferan komin depatman Grandans lan, jounen 8 desanm 2023 a, fè deplasman pou antre fete nan komin Wozo, fèt patwon yo, Imakile konsepsyon.

Anpil nan moun ki fè deplasman yo, fe konen, nan kalamite pèp ayisyen trouve l jounen jodi a, yo rete kwè manman Imakile Konsepsyon kapab ede peyi a rebwanme e delivre li, anba mechan kriminèl zèl kravat yo.

Se te egalman yon okazyon pou, evèk dyosèz lan, Gontran Decoste, mande kretyen fidèl legliz yo nan Grandans, pou aji ak plis lafwa nan Bon Dye.

Share:

Leave a reply