Lenchaj nan komin Chanbelan, 2 pwezime malfektè resevwa fòmil Bwa Kale a.

853

07-24-2023

Chanbelan, Ayiti____(TRiboLAND) Dimanch aprè midi 23 jiyè 2023 a, manm popilasyon an nan sant vil komin Chanbelan, rache ak kout manchèt e mete dife sou, Gerlens ensi koni ak Brave ensi koni, yo akize 2 prezime malfektè sa yo, kòm moun ki te finn manyen ou rale yon jenn gason, pa la swit ki mouri san ke li pat malad.

Temwayaj sitwayen ak sitwayènn nan mikro TRiboLAND, pa piti. Plizyè manm nan popilasyon an bay garanti key o pap jwe ak malfektè nan komin Chanbelan. Yo deklare ke yo pa mare kòd lonbwit yo ak malfektè atoufè, tout plim, tout plimaj.  Kèlkeswa malfektè a, nap enskri li nan fòmil Bwa Kale a.

Comments are closed.