Pozisyon Me. Moclès Jean-Baptiste sou dire manda timiyèt Sena Repiblik la.

2,978
Me. Moclès Jean-Baptiste

01/06/2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Me. Moclès Jean-Baptiste, avoka nan bawo Pòdpè, pwofesè dwa konstitisyonèl bay pozisyon l sou dire manda timiyèt Sena a, jounen mèkredi 5 janvye 2022 a.
Pou avoka a, enstitisyon Sena a dwe renouvle pa tyè sa vle di chak 2 lane. Li avanse poul di eleksyon yo dwe òganize nan lè pou yo òganize san l pa inyore dire manda senatè yo se 6 zan.

Sepandan, pou Me. Moclès Jn-Baptiste yon apwòch istorik kapab ede pote plis limyè sou kesyon sila, lè l konsidere nan lane 2006 apwè yo te fin rele chalbare dèyè ansyen prezidan Aristide, yon eleksyon jeneral te rive òganize e ki ta pral favorize 3 senatè nan depatman nòdwès la; konsa, manda senatè Melius Hyppolite ki te eli pou 2 lane ta pwàl pran fen nan lane 2008. Se te menm kad figi a tou pou manda Senatè Edy Bastien li menm ki te gen yon dire 4 lane san bliye Senatè Evallière Bauplan 6 lane swa dezyèm lendi janvye 2012. Kidonk, pou pwofesè konstitisyonèl la,  ane 2011 lan ta sipoze yon ane elektoral nan peryòd sa a malerezman briganday politik ak jwèt mèt dàm pase nan farin echeyans konstitisyonèl la.

Pou eklèsi sityasyon sila, avoka bawo Pòdpè a, mete aksan sou tan konstitisyonèl la, ki li menm dapwè atik 95.3 Manman Lwa peyi a, kèlkeswa lè senatè yo pwan fonksyon, manda yo kòmanse konte apati dezyèm lendi janvye (dinamisite tan konstitisyonèl) pou tan elektoral la. Pou li menm, sa yon tijan pi estatik ke w kapab kòmanse konte nan dàt eleksyon yo kòmanse.

Me. Mocles pwofite voye jete lide kòlèg li a, Me. Gédeon Jean ki pou li menm avanse yon seri agiman chimerik kita ka fè kwè ke manda Senatè yo ap fini jous nan 2023.

Antouka, Me. Mocles Jean Baptiste ki li menm vrèman pa konpwann refleksyon kòlèg li a, e pa mete dlo nan bouch li poul di: “10 senatè sa yo nan tout sak pa bon, yo pa itil anyen pou la repiblik”; wè pa wè dapwè kalkil tan konstitisyonèl la, tirès senatè a dwe bay talon li apati dezyèm lendi janvye 2022 a.

Genson HYPPOLITE


Comments are closed.