Operasyon “Bwa Kale” nan Jeremi: plizyè kay pase anba flanm dife ak yon moun mouri.

1,049

11- 26 – 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Yè apwèmidi samedi 25 novanm 2023 a, manm popilasyon an nan Jeremi, katye Platon aplike fòmil BK sou yon jenn gason ki rele TITI ensikoni. Yo akize li kòm residivis ,ki rann sosyete a lavi ensipòtab, nan volè sa yo posede.

Konsa, apwè tout zak malonèt sa yo, manm popilasyon estime ke TiTi kalifye pou pwogram “Bwa Kale” a. Yo boule l nan mitan lari, apwè ke lòt abitan nan zonn lan dekouvwi yon seri bagay yo te posede anndan lakay TITI.

Rezidans yo estime ke se TITi kase kay yo. Konsa, yo rapidman enskri li nan pwogram flanm dife a. Apwè aksyon sila, popilasyon an, te dirije’l nan direksyon wout Karakoli, kote ke yo boule kay Marie Lourdes, ki se manman TITi.

Fas ak absans otorite konsène yo, nan keksyon dwa moun; anpil moun mande sektè dwa moun yo ,pou di yon mo fas ak aksyon anachik sila yo.

Comments are closed.