Popilasyon an nan komin Kafou pase nan pwogram bwa kale a yon kazèk 10e seksyon kominal Tò Bwadjout.

953

02-12-24

Kafou, Ayiti__(TRiboLAND) Popilasyon an ki te fin anraje jounen lendi 12 fevriye 2024 la, poze lapat sou kazèk Jean Michel, kise kazèk dizyèm seksyon kominal Tò Bwadjout, ke yo estime ki nan konivans ak gang sangwen; pou koulya deja mache pòs li aprè aplikasyon li nan kad pwogram bwa kale a.

Enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè popilasyon an ta bare kazèk Jean Michel bab pou bab, ap founi esplikasyon ak bandi yo, nan lide pou elimine plizyè zòn nan komin Kafou.

Enfòmasyon yo kontinye pou fè kwè, nan moman pèp la ta pral mete men nan pat kasav kazèk la, yo ta jwenn divès lòt mesaj sou telefòn li ki ta pwouve efektivman kazèk la ta ka sèvi kòm antèn pou chèf gang sangwen yo nan Kafou ak divès lòt zòn.

Detèmine pou reyaktive fenomèn bwa kale a, popilasyon an nan komin Kafou fè konnen sèt fwasi, yo deside trase yon egzanp sou tout otorite ki nan kole boyo yo ak gang sangwen yo anndan komin nan.

Comments are closed.