Manman ansyen PM Laurent Lamothe mouri

290

Pòtoprens____(TRiboLAND) 2 jou aprè anivèsè pitit li, Laurent Lamothe ansyen PM, Madanm Ghislaine Fortuney Lamothe ki se manman PM nan rann dènye souf li.

Madan Lamothe ki te fèt nan lane 1935, se te yon atis (pent) ki te gen yon renome entènasyonal. Avèk yon stil naif, li te travay anpil pou pote byen lwen “Art Haitien” an atravè lemon. Atravè karyè atistik li, Madam Lamothe resevwa anpil gwo distenksyon nan plizyè peyi, patikilyèman nan peyi Lespay.

Ghislaine Fortuney Lamothe te yon moun ki kadyàk, li mouri nan moman yo te oblije mete’l nan respirasyon atifisyèl; yon moman trajik ki koenside ak anivèsè nesans petit gason li ki se Laurent Lamothe. Atis la mouri a 85 lane, ke nanm li repoze an pè! Kòndòleyans a tout fanmiy e zanmi ke lanmò sa afekte, patikilyèman pitit li, Laurent Lamothe.

Comments are closed.